RADIO TELE DS

la ds de la radio telediffusion

PLATFOM POLITIK REYALITE

                                                      Ann mezire anvan koupe!

       PLATFÒM POLITIK REYALITE, zouti politik pèp Ayisyen an, ki kwè fok nou mezire anvan koupe, koubel byen ba poul salye popilasyon an Kap soufri nan nanm yo ak nan lespri yo.

      Aprè pil ak latriye konsta ke nou fè Nan nivo Platfòm lan, nou di sa pa dwe ret konsa,

lèn konsidere ravaj ensekirite a fè nan

sosye a, yon kantite moun ki fòse kite lakay yo, wout ki bloke ki la koz manje ak moun paka travèse, sa ki vin kyeye yon ensekirite alimantè ak yon ensekirite jeneralize kote menm lopital ak lekol pa epagne, lèn konstate kantite vyolasyon ak dezòd Kap fèt nan leta a, lèn konstate Jodi a tout enstitisyon nou yo plat atè, poutan nou te gen moun nou te bay jere yo nan non nou, pou peyi a, anyen pa fèt pou chanje doulè pèp la en jistis Sosyal, nou konstate anpil dezòd ak vyolasyon nan KPT a, pandan popilasyon an ap soufri pi plis chak jou, lèn konsidere atak ki fèt sou popilasyon kenskòf la, anpil moun mouri, pandan mouche Alix Didie Fils Aimé di li te konnen bandi san fwa ni lwa pral atake moun kenskòf yo, men li pa rive fè anyen kòm chef CSPN lan, lèn konsidere CSPN lan dechire nèt, kote PM lan yon bò, DGPNH la yon lòt bò, Minis jistis la yon lòt kote e KPT a li menm ap penyen lage, lèn konsidere deklarasyon iresponsab Kòdonatè KPT a , lèn konstate pa gen pyes kondisyon ni volonte pou ekip ki la a rezoud Kriz la, aprè tout konsiderasyon sa yo, nou ka di KPT a echwa ak tout moun ki e voye reprezantan yo nan konsèy, Nan sans sa, se pa Referandòm ak Eleksyon yo taka reyalize pou popilasyon an, pandan yo pa gen pyès volonte pou bay popilasyon an sekirite.

      PLATFOM POLITIK REYALITE, ki mezire anvanl koupe, vin di ak manm KPT yo, nan non Pèp Ayisyen an ki se mèt desten li, ‘kanpe ak tout pike devan yap fè la yo nan pawol eleksyon ak Referandòm yap pale a, "priyorite popilasyon an se Sekirite sou tout fòm".

   Si kout ba, demagoji, eskomòtè,eskaladè, pike devan ak gwo ponyèt te bay devlopman, lè konsa AYITI te devlope deja.

N.B: Sekirite, Dyalòg nasyonal, Eleksyon.

                                                         Platfom Politik Reyalite, Majorite aksyenè a!!!


                                                                                                                      Joseph Richemond
                                                                                                                            Responsab Kominikasyon

Telephones: (509) 4812-0364 / 3272-5860
Site web: www.pp-reyalite.org / Email: info@pp-reyalite.org

Please follow and like us: